Retounen nan Blog

La Cigale

Premye Album Shilay ki gen pou soti an 2026
September 5, 2025 Shilay
La Cigale

"La Cigale" se yon album konplè Shilay fè, ki gen ladan 12 mizik ak plizyè kolaborasyon avèk atis tankou Ave X, Wisman Homie, Solo Jay, Bill Sosa, ak Maestro Roody. Se yon pwojè sosyal kote Shilay eksprime fristrasyon li, reyalite lavi li, eksperyans lòt moun, ansanm ak sa k ap pase nan mond lan. Mesaj yo se pa sèlman eksperyans pèsonèl Shilay, men yo kapab touche nenpòt moun ki ka idantifye ak reyalite sa yo, e yo kapab jwenn koneksyon ak pwojè a.

Orijin "La Cigale"

Tit album lan, "La Cigale," te enspire pa yon moun pwòch Shilay ki te di Shilay se yon La Cigale, chante pa bay, mizik se tan pèdi. Lè moun nan te rele Shilay "La Cigale" se te yon referans a istwa "La cigale et la fourmi" pa otè Jean De La Fontaine. Nan istwa sa a, Lasigal te konn ap chante pandan lòt yo ap travay. Anpil moun ak sosyete a wè atis ki poko fè siksè yo kòm moun ki ap pèdi tan, yo toujou diminye valè ak pasyon atis yo, e yo panse mizik pa mennen okenn kote.

Nan kominote Ayisyèn nan, mizisyen souvan pa jwenn ankourajman. Okontrè, gen moun ki konn di li ap gaspiye tan li, oswa menm di li ap "fou".

Yon Album pou Montre Potansyèl Shilay

"La Cigale" fèt kòm yon repons ak nesesite pou ranpli katalòg Shilay ak yon travay solid, e pou montre vrè potansyèl li kòm atis. Avan sa, katalòg li te vid, epi li pa t janm gen yon album konplè. Album sa a seleksyone plizyè mizik ki te deja ekri ak kèk nouvo, mete yo ansanm pou kreye yon koleksyon ki montre tout kapasite ak vizyon atistik li.

Mizik Shilay abitye ekri konn gen aspè betiz, vilgarite avèk plezi. Avèk "La Cigale", li montre li kapab ekri epi chante mizik serye, sosyal, ak emosyonèl. Pa gen okenn pwodwi fizik tankou CD oswa vinyl pou moman an, paske li poko gen ase fanatik pou sa. Men album lan ap disponib sou tout gwo platfòm dijital nan mwa Avril 2026.

Plan Shilay apre Album nan

Apre "La Cigale", Shilay gen entansyon mete plis konsantrasyon sou lage single youn apre lòt, olye li lage yon lòt albòm imedyatman. Li vle bay chak mizik atansyon ak detay yo merite, pou chak grenn mizik ka jwenn tout swen ak vizyon ki nesesè. Shilay kwè ke travay avèk pasyans ak kè poze ede yon atis mete plis emosyon ak kalite nan chak mizik.

Objektif la aprè album lan, se konsantre sou karyè li, pran tan pou planifye ak envesti nan videyo mizik nan anne kap vini yo, epi avanse pi lwen ak vizyon li kòm atis.

Koute oswa Telechaje

Shilay La Cigale Album Mizik Kreyòl Haiti featured_home