La Cigale

Premye Ep mwen, 12 mizik, plizyè kolaborasyon. Pwojè sa ap disponib nan maw Avril 2025 sou tout platfòm

Shilay

11/18/20243 min read

La Cigale se yon pwojè mwen kreye, ki gen ladan l 12 mizik, avèk plizyè kolaborasyon ak lòt atis. Se yon pwojè sosyal kote m eksprime fristrasyon mwen yo, sa m ap viv nan lavi m, sa lòt moun ap viv tou, ansanm ak sa k ap pase nan mond lan. Mesaj yo pa sèlman pou mwen; yo kapab touche anpil moun ki ka idantifye ak reyalite sa yo e jwenn yon koneksyon nan pwojèMèsi a Ave X, Wisman Homie, Solo Jay, Bill Sosa, Maestro Roody.

M te bay pwojè a tit La Cigale, paske te gen yon moun pwòch mwen yon lè ki te di M, M pa ka ap chante tout jounen, chante pa bay, m tounen La Cigale, e sa te enspirem poum itilize sa kòm tit EP mwen an.
M travay EP a pou montre kapasitem kòm yon atis, malgre m poko gen yon odyans ki pou tandel, malgre m a zewo, men katalòg mwen pa ka rete vid.
Mizik mwen abitye ekri se mizik ki genyen betiz, ki vilgè ak mizik pou bay plezi, m te vle montre tou ke mwen kapab ekri mizik serye.

M pap pwodwi anyen fizikal tankou CD oswa Vynyl paske m poko genyen fanatik ki pou achte yo, men pwojè a ap disponib online sou tout gwo platfòm nan mwa Avril 2025.

Istwa dèyè non an
Mwen te chwazi non La Cigale pou pwojè mwen an akoz de istwa Jean De La Fontaine te ekri ki rele "La cigale et la fourmi". Nan istwa sa a, La sigal te konn chante pandan lòt yo ap travay. Mwen chwazi non an akoz de fason sosyete a toujou dimine atış tankou'm ki poko fè siksè yo e di nou se tan n'ap gaspiye. Gen yon moun ki te di m yon jou: “singing ain't life” E menm yon fanmi mwen, m pa between di kiyès, li te konpare'm ak La sigal epi li te di m chante pap mennen m okenn kote.

Nan kominote Ayisyèn nan, lè'w se yon mizisyen, yo pa pran'w serie, yo pran'w pou yon moun k'ap fè makak.
Yo pap ankouraje'w, ou pou kò'w nan lit la, okontrè gen moun ki te Ronn ap di'm m'ap fou..
Fanmiy pa sipòte fanmiy nan domèn mizik, se yon sèl green fancy m genyen k'ap sipòte'm depi lontan deri m'ap fè mizik nan ane 2015 yo, se stevenson, e m toujours klè sou sa. Moun ki konn sipòte'm se etranje, e se sa ki koz w'ap wè m pase plis tan kominike ak etranje pase fanmiy, paske se yo ment ki bay pasyon'm valè, depi yon moun pa enterese oswa ankouraje'm pou'm travay mizik, depi nou p'ap pale de mizik, m pa enterese nan yon konvèsasyon avè'l.

Poukisa pwojè sa a?

Mwen fè pwojè sa a paske, jiskaprezan, mwen poko janm mete deyò yon pwojè konplè tankou yon album. Katalòg mwen vid, e mwen poko vrèman genyen yon travay solid ki ka montre tout potansyèl mwen kòm atis. Mwen te gen yon pakèt mizik sou men mwen, epi m te deside chwazi kèk ladan yo pou m mete ansanm nan pwojè sa a.
Nan pozisyon m ye kounye a, kote m poko gen yon odyans solid dèyè mwen, li pa nesesèman yon avantaj pou m lage yon pwojè. Men mwen fè sa pou m ranpli katalòg mwen, epi pou m montre piblik la ke mwen pran mizik oserye. Se pa sèlman mizik plezi, mizik betiz, oswa sa ki fè moun ri m ap fè.

Lè moun tande mizik mwen tankou “Moun Monte Moun,” “Pete Boum,” oswa “Kann Kale,” mizik sa yo pa toujou montre kapasite mwen kòm mizisyen. Men avèk pwojè La Cigale, mwen espere bay piblik la yon pèsepsyon ki pi klè sou kiyès mwen ye vrèman kòm yon atis.

Ki plan'm apre pwojè a?

Apre pwojè sa a, mwen vle mete plis fokis sou single. Mwen pap prese lage yon lòt albòm oswa Ep ankò pou kounya.
Mwen vle konsantre sou chak grenn mizik youn apre lòt, pou m ka bay chak mizik atansyon ak detay li merite. Pou mwen, li pi efikas lè yon atis travay sou yon sèl mizik olye l ap bourade tèt li ak yon pakèt mizik an menm tan, rezilta yo pa men ditou.

Lè ou pran tan ou, travay la pi byen fèt. Mwen kwè yon atis ta dwe travay ak kè poze, ak pasyans, san presyon. Se konsa ou ka mete tout emosyon, tout vizyon ou nan chak grenn mizik ou lage. Apre La Cigale, objektif mwen se konsantre pi plis sou karyè mwen. Mwen vle pran tan pou m planifye byen, epi envesti nan yon videyo mizik nan ane kap vini yo. Mwen santi se moman pou m pran etap sa yo pi oserye pou avanse pi lwen nan direksyon mwen vle ale kòm atis.